Premye minis Jamayik la anonse ke fòs militè jamayik yo ap gonfle bibit yo pou kore yon antre yon fòs miltinasyonal nan peyi Dayiti.

1,218

02-01-2023

Peyi Jamayik pare pou ta fè pati yon fòs miltinasyonal ki pral ede Ayiti mete dlo nan diven gang sangwen ki kontinye ap miltipliye vyolans.

Kinston, Jamayik_____(TRiboLAND) Peyi Jamayik ta sanble ap gonfle ponyèt li e chofe zam solèy yon fason pou fè pati yon fòs miltinasyonal ki pral bay Ayiti asistans sekirite nan kad pou bay lapè ak estabilite jarèt yon mannyè pou fasilite yon prosesis demokratik, se sa ke Andrew Holness deklare nan moman li tap fè ti bat bouch nan yon seyans palmantè.

“Nou se vwazen, nou genyen bonjan relasyon ak patenarya pou yon bon bout tan”, daprè Holness ki eksprime kontantman li e enfòme ke fòs militè ak fòs polis jamayik yo deja sou pye yo e ap pare pou yon posiblite deplwaman nan peyi Dayiti.

Lame Jamayik ak lame peyi Salvadò, se 2 peyi nan zòn Karayib la ki genyen yon kilti profesyonèl pou kore polis lakay yo nan mache pran gang sangwen kap simaye vyolans. Konsa, 2 peyi sa yo definitivman pa kache ofri peyi Dayiti asistans yo nan eradike gang kap simaye latroublay e mete dlo nan je.

Comments are closed.