Gwoudou gwoudou : medsen san fontyè voye 2 avyon plen ra gagann ak tout kalite èd imanitè pou peyi Dayiti

1,365

08/21/21

Briksèl_______(TRiboLAND) Nan yon kominike ke li mete deyò, Medsen San Fontyè anonse key o dekole 2 avyon chaje ra gagann ak materyèl imanitè yon fason pou Ayiti kapab reponn ak bezwen viktim gwoudou gwoudou 14 out 2021 yo nan Gran Sid la.

Selon kominike Medsen San Fontyè yo jodi samdi 12 out 2021 an, 2 gwo manman penba avyo sa yo ap sòti Bèljik e yo ap genyen anndan yo patikilyèman ekipman pou pirifye dlo, 40 tant, materyèl pou tretman medikal jiska pou 30,000 kretyen vivan e ekipman pou bay enèji.

Nap raple, MSF se youn pami yon pakèt patnè entènasyonal ki fidèl nan bwave danje e bay tout li menm nan ede popilasyon ayisyèn nan jwen ti moso sante.

Comments are closed.