Yon lòt gwo Tenan, nan Pati Politik Pitit Desalin nan Senlwidinò ap sibi gwo menas lanmò.

1,105

12-05-2022

Réginald Pierre, se non yon gwo bawon nan Pati Politik Pitit Desalin kap sibi menas lanmò anba men ekip Minis Ricarden Saint Jean, nan komin Senlwidinò.

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè pwofesè Jean Garry Sanon nan Senlwidinò, pòt pawòl Pati Politik Pitit Desalin branch Nòdwès la, Réginald Pierre se yon lòt lidè pati a kap resevwa gwo menas lanmò, anba men gouvènman defakto Ariel Henry a, patikilyèman ekip Minis komès ak endistri a, Ricarden Saint Jean.

Kontakte l nan telefòn, Pierre Réginald fè konnen “annatandan nou pote yon plent fòmèl kont menas asasinay ki pandye sou tèt nou bò kote ekip Minis Ricarden Saint Jean an, nap alète lapolis ak lajistis pou pran tout dispozisyon pou mare gang Kokorat San Ras ki tabli l nan dezyèm seksyon nan lide pou vin simen dèy nan kominote a”.

Pòt pawòl la yon lòt bò fè konnen, yo gen tout konfimasyon ofisyèl ke gang yo la. Pou li menm, lapolis la dwe travay avèk otorite kominal yo nan lide, pou mare tout bandi sa yo avan yo lage pye yo.

Pierre Réginald fini pou l di, zafè politik se zafè batay lide, yo pap kite asasen kriminèl vin denatire yo. 

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.