Bandi ak gwo zam nan men yo kidnape 2 moun Tigwav nan Matisan.

884

04-15-2023

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Bandi ak gwo zam nan men yo kidnape 2 bos seramik ki se moun Tigwav jodi samdi 15 avril 2023 a. li te vè 1è apremidi a, Jeannet Pierre ak Jean Hubert alias Tidou ta pral trouve yo anba men bandi Matisan san oken fòm pwosè.

Bandi yo poze zak sa a, nan moman 2 bòs yo tap soti achte seramik pou yon kliyan nan kapital ayisyèn nan, selon sa pwòch yo rapòte TRiboLAND.

Ravisè yo pako bay chans ak otaj yo pou pale ak fanmi yo. Sepandan, bandi sangwen ou kriminèl yo, sèlman fasilite nèg la anonse fanmiy li ke yo kidnape’l.

Nap fè remake, Jeannet Pierre ak Jean Hubert alias Tidou, se 2 malere bòs seramik kap chache lavi yo ki pa vle fè move zafè nan sosyete a; se prèske inik dan yo, yo posede, daprè fanmiy viktim nan, ki reklame liberasyon 2 malere yo kap bat mizè nan boukannen dlo.

Comments are closed.