Tèrè gang e alye gouvènmantal: Milye ap kouri kite Lwès pou refijye nan Grandans

925

Tèrè gang e alye gouvènmantal: Milye ap kouri kite Lwès pou refijye nan Grandans
09 – 06 – 2023
Jeremi, Ayiti- (TRiboLAND) Depi plizyè jou , sa ki paret alamòd lajounen kou lannwit, se debakasyon masiv moun ki soti nan potopwens, pou vinn pran refij yo, nan Jeremi kou nan rès komin depatman Grandans lan.

Moun sila yo, ki itilize kamyon, bis konpayi tankou Dyekidesid yo; sa yo ki pase sou lanmè nan vwalye pou ateri nan yonn pami dis komin kotyè yo; anfen se yon veritab ekzòd masiv pou evite tèrè gang aka lye gouvènmantal yo asasine yo.

Pou anpil nan dezète sa yo, bandi nan kapital la ap boule kay yo, e menm egzekite yo ak bal nan tèt,
granmou, ti bebe, sila yo ki andikap, menmjan ak sa yo ki pa menm moun depatman Grandans lan, fè konnen yo sove ak sèlman rad sou kò yo.

Parapò a dimansyon kriz sosyo, imanitè deplase yo, ki kite repiblik Potopwens, pou vinn refije yo nan Grandans patikilyèman nan Jeremi, yon asistans imanitè plis ke nesesè pou viktim yo.

Comments are closed.