Yon Pon ki konekte depatman Nò ak depatman Latibonit nan komin Plezans kraze plat atè.

1,196

Yon Pon ki konekte depatman Nò ak depatman Latibonit nan komin Plezans kraze plat atè.

Pon Bwadòm nan komin Plezans kraze pèsòn paka travèse.

12-01-2022

Plezans, Ayiti___(TRiboLAND) Pon Bwadòm, se non yon ansyen pon ki date digdantan; li twouve’l nan komin Plezans ki konekte depatman Nò ak depatman Latibonit, kraze plat atè, akòz pat gen okenn reparasyon ki te arive fèt ladann.

Nan sans sa a, popilasyon an pouse yon kri alam bay minis Travo Piblik transpò ak komiikasyon an, Rosemond Pradel, kote yo mande’l prese, prese vin rezoud pwoblèm anwo pa moute, anba pa desann nan.

Nan moman sa a, efondreman pon an, koz vwayajè yo nan gwo difikilte pou rantre swa nan depatman Nò swa nan depatman Latibonit.

Comments are closed.