Avoka nan bawo pòdpè leve kanpe yon lòt fwa ankò pou egzije depa komisè gouvènman an ak yon sibtiti nan pakè a.

179
0
Share:
TRiboLAND

01/30/2022

Pòdpè______(TRiboLAND)  Avoka yo nan bawo pòdpè a, leve kanpe yon lòt fwa ankò pou mande depa prese prese komisè gouvènman an, msye Jean Volney Bellamen ak akolit li, Louis Wislmender, jounen jedi 27 janvye 2022 a.

Ensekirite jidisyè se sèl kòk chante, zewo pou pledwari, pwosedi jidisyè zewo, respè pou dosye avoka zewo, nan kesyon vann jistis se 10/10, kòripsyon ak deal anba tab 10/10; se bilan chèf pakè pòdpè a, dapwè kòlèg li yo.

Yon lòt bò, avoka ki pa sispann bat tenèb te soulinye egalman yon latriye zak malonèt Louis Wislmender, sibtiti komisè nan pakè pòdpè a ki bay moun anpil lawouli. Avoka yo akize Mèt Louis kòm moun ki ta enplike espesyalizel nan vòlò tè ti malere ak malerèz, kote yo soulinye pwoprite Odamise Elizor nan 6e seksyon Polen-Lakòn.

Avoka yo, apwè tout zak malonèt sa yo, santi yo endinye ak kè plen e lawont, oblije fèmen pòt kabinè enstriksyon ak divès lòt, lanse divès eslogan, bat tenèbsonnen klèwon, megafòn ak siflèt pou reklame depa komisè gouvènman an ak tout akolit li ke yo di kap naje nan yon basen kòripsyon.

Ajoute a sa, avoka yo takse chèf pakè a ak sibtiti komisè Louis Wislmender kòm “nono ak kasanyòl”, dapwè yo se de kòwonpi yonn pale lòt konpwann.

Antouka, avoka yo fwa sa a, deside kenbe mouvman an e menm menase bloke tout odyans kiskaske gouvènman defakto Ariel Henry a tande la rezon.

Genson HYPPOLITE

Share:

Leave a reply