Ansyen etidyan lekòl nòmal Lavo yo tanmen 2 jounen refleksyon sou konsekans pwogram Biden nan peyi Dayiti.

933

07-14-2023

Lavo,Ayiti____(TRiboLAND) Soti 13 pou rive 14 jiyè 2023 a, 2 jounen sa yo konsakre pou ansyen etidyan lekòl Nòmal Lavo yo reflechi sou avantaj ak enpak pwogram Biden nan genyen sou sektè edikatif la nan peyi Dayiti, soti janvye pou rive jiyè 2023.

Depi gouvènman Ameriken an vini ak pwogram imanitè nan avantaj 4 peyi, ki gen ladan l Ayiti. Yo wè kesyon an nan 2 faz: youn ki fasilite plizyè ayisyen pati al chèche yon tipen kontidyen, men gen yon lòt faz ki kreye gwo dega nan fann an de enstitisyon yo tankou: la fanmiy, lekòl, legliz poun site sa yo sèlman

Lè yo konsidere eta pwogram Biden nan fini ak enstitisyon nou yo, sa bay gwo kè sote sou avni timoun yo. Konsa, lè edikatris ou edikatè yo reflech e analize nan ki nivo pwogram sa rive boulvèse lekòl la nan peyi Dayiti, nou kapab di se tout krèm peyi a ke larivyè Biden nan pote ale nan lanmè.

Majorite kad entèlektyèl ak lidè konpetan yo, depeyize kite peyi a. Se tout sèvo yo ki ale, koulye a nou nan yon veritab rekòmanse si nou kapab tout bon vre, paske se efondreman total kapital pou sosyete ayisyèn nan.

Comments are closed.