La Polis nan komin Lyankou poze lapat sou plis pase 10 endividi.

1,138

Senmak, Ayiti, (TRiboLAND) Lapolis nan tèt kole ak lajistis nan komin Lyankou, awondisman Senmak fè yon gwo kout filè sou anviwòn 10 envidivi, aprè midi jedipremye desanm 2022 a.

12-01-2022

Senmak, Ayiti,____(TRiboland) Nan yon operasyon gason pa kanpe, aprè midi premye desanm 2022 a, nan komin Lyankou, awondisman Senmak, lapolis ak lajistis poze lapat sou plis pase 10 endividi.

Enfòmasyon yo fè kwè, endividi sila yo ta fè pati baz “Gwo Boutèy” ki nan reselè oubyen danse kole ak baz “Gran Grif”, ki pa sispann fè gro krim nan depatman Latibonit lan.

Nan moman nap pale la, endividi sila yo twouve yo dèyè kat miray pandan yap prepare yo pou al reponn kesyon lajistis.

Comments are closed.