Peyizan kap travay tè yo nan komin Senlwidinò ap rele anmyan pou fason pri pwodwi agrikòl yo ap ogmante sou mache lokal la.

1,027

   12-01-2022

Senlwidinò, Ayiti (TRiboLAND) Peyizan kap travay tè nan komin Senlwidinò yo, deklare yo bouke ak pri semans yo kap monte balkon chak jou Bondye mete; kidonk yon mamit pwa ap vann 1200 goud, yon barik yanm 10 000 goud, yon douzèn plan bannann 1000 goud, yon jounen travayè 2000 goud. Yon sitiyasyon ki lakòz anpil moun paka ni plante ni achte semans pou wè kote lavi fè kwen.

Pou peyizan sa yo kap travay tè ak menm metòd akayik yo depi nan tan lontan, ap mande minis agrikilti a pou amelyore kondisyon travay peyizan ayisyen yo. Konsa, yap sispann pran imilyasyon nan men vwazen an e yap genyen kapasite pou pwodwi plis manje pou satisfè bezwen pèp sa kap travay kay vwazen, alòskeetan ke lakay yo gen anpil resous pou satisfè bezwen yo.

   Gwoup peyizan òganize Koray Gicha, mande minis agrikilti a pou ba yo akonpanyeman ak materyèl nesesè  pou yo travay pou bay tout moun manje nan peyi a; konsa, ayisyen ap sispann pote bòl ble kay etranje

         Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.