Pwotestatè egzijeke yon lòt dat pou fineray Jovenel Moise la : konsa, yo ensandye yon pon ki relye Sen Rafayèl ak Dondon

577

07/22/2021

Sen Rafayèl______(TRiboLAND) Gwo van vyolans soufle yèswà 21 jwiyè 2021 an nan Komin Sen Rafayèl nan depatman Nò a.Yon gwoup moun ki finn awoyo mete dife sou pon ki konekte 2 komin: Sen Rafayèl ak Dondon yon fason pou egzije otorite leta yo modifye dàt funeray pwezidan Jovenel Moise la.

Pon sa ki te fèt an bwà bwile kankannen. Yon parèy sitiyasyon non sèlman kreye gwo enkonvenyan pou popilasyon yo vake ak okupasyon yo ki se desann al bwàse nan vil Kap ayisyen, men tou li okazyone nan menm swàre pwotestasyon an, yon agonòm arive mouri anba bàl lapolis.

Antouka, nan jou sa yo, genyen yon vag pwotestasyon ki pa sispann soufle nan depatman Nò depi asasinay pwezidan Jovenel Moise nan Pèleren 5, 7 jwiyè dènye.

Comments are closed.