Ensekirite: Jodi mèkredi maten an, popilasyon an nan Santo 15 dekouvri 3 kò jèn gason san vi

1,373

11-23-2022

Kwa Dèboukè, Santo, Ayiti____(TRiboLAND)  Zak ensekirite yo pa sispann ap miltipliye anba grenn je gouvènman “Bandi Legal” Ariel Henry a; popilasyon kap viv nan Santo 15, Kwa Dèboukè dekouvri byen bonè maten mèkredi 23 novanm 2022 a, 3 kò jèn gason san vi, mare 2 bwa dèyè do e krible anba bal.

Daprè moun nan zòn nan, jèn gason sa yo ta mouri  ozanviron 3 zè devanjou maten lòske mount e kapab tande plizyè detonasyon kout zam. Antouka, entèvansyon jij pou konsta legal kadav yo, ta sanble nan wout pou pran tout yon etènite akòz zònn  ki genyen yon etikèt “zònn non-dwa”.

Comments are closed.