Bato Pòdpè yo vle pase tankou bèf seyid la, nan konkonbwèt nèg nan Leta kap fonksyone dèdo la lwa pou satisfè zanmi yo.

1,154

01-19-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLANd) Avoka bato Mis Lili ak El Shadaï denonse zak malonèt nèg ki nan Leta ak makrèl yo ap fè pou pran bato yo dèdo la lwa.

Malgre gen yon desizyon jistis ki te soti an favè bato yo nan dat 23 ak 24 dawout 2022, nèg yo kenbe bato yo pandan yo pretann ta gen apèl ki te fèt, yon apèl ki pa verifye nan oken Kou Dapèl nan Repiblik la. Nan moman nap pale la, bato El Shadaï pa nan rad Okap la ankò, mafya PHTK ale ak li; pou konnya li nan Pò Lafito nan Pòtoprens.

Yo pale ale avèk bato Mis Lili, paske li te anpann. Daprè enfòmasyon avoka bato yo jwenn, yo ta vann bato yo ak Monny Moro, yon Arab pou fè biznis ale vini nan peyia. Yon desizyon Me Dumesle Elinès ak Me Ychmuth Corneille trouve ki pa kadre ak la lwa. Jiska prezan, Leta pa janm enterese chèche moun ki te pot zam ak minisyon yo, kap flannen nan lari pandan yap konplote pou pran bato yo pou satisfè zanmi yo.

Me Elinès pran angajman li ak 2 bwa pou di, se menm asasen ansyen Prezidan Jovenel Moïse yo ki, se yon sèten de Rolex Sanon ak Edy La France ki tap fè trafik zam ak minisyon yo. Otorite yo kase fèy kouvri sa, se kòmsi ou ta di yo kite bourik la, yap bat makout la. Malgre se gras ak amatè Jonas yo te dekouvri zam ak minisyon yo, li pa janm sispann sibi pèsekisyon.

Leta ki te pretann yo fè yon sezi nan dat 4 dawout 2022 san pat gen oken òdonans ki te soti kont bato yo. Avoka El Shadaï yo te fè yon pozisyon an refere, yo te genyen Leta atravè yon òdonans bò kote Jij Jean Édouard Mara nan dat 23 dawout 2022. Se te gro sezisman jou ki te 05 septanm 2022, kote otorite ki toujou fidèl ak sweet Micky, te vinn pran bato yo nan pò Pòdpè a. Avoka yo ki te ale Okap pou fè sa la lwa mande, ki se notifye APN ak Gadkot ki yo menm di yo pa konn anyen, men se pito veye yap veye pou Georges Racines. Dimanch 15 janvye 2023 dènye, gen yon group moun ki te vin sou bato El Shadaï, ale ak li Pòtoprens. Conald ki ta vle fè kwè se yo kap jere bato yo, se pou zafè dwòg yo la yo pa la pou koze zam, pandan bato yo pat gen zafè dwòg.

Daprè enfo avoka yo, se Minis Jistis la Émilie Prophète, PM defakto Ariel Henry ak Direktè Jeneral Conald la kap chèche fè konkonbwèt ak bato El Shadaï la, ki fè pasasyon bato a ak Monny Moro, yon Arab ki gen gwo relasyon ak pouvwa. Avoka yo fini pou mande gwo palto yo retounen bato yo Pòdpè, ki se souf moun depatman nan vini ak kichòy moun yo anpil fwa Leta bliye.

Comments are closed.