Zak kidnapping ap miltipliye : Pastè Lochard Rémy, yon èm viktim

3,187

02/06/2022

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan moman li nan wout pou legliz, Pastè, chantè ou muzisyen Lochard Rémy kidnape maten dimanch 6 fevriye 2022 a nan zòn Taba.

Se madanm viktim nan ki ta kominike enfòmasyon ak fidèl legliz ke Pastè Rémy ap dirije a. Sepandan , Sè Rémy pa fè eta de oken sòm magogo ke ravisè sangwen yo ta egzije.

Yon parèy zak pa sispann denonse e revòlte tout sitwàyen ayisyen sou rezo sosyàl yo. Kretyen nan enstitisyon eklezyastik sa mande konkou lapriyè pou lidè espirityèl la fas ak yon sitiyasyon parèy.

Atis Rémy ageye tout moun avèk yon seri bèl chan adorasyon e louwanj pou tout kè ki atriste; se yon veritab sous konsolasyon pou monn evanjelik la.

Comments are closed.