Lapolis ap chèche Obed Joseph kòm asasen sispèk nan lanmò Evelyne Sincère a

622

11\03\20

Pòtoprens____(TriboLAND) Obed Joseph, alyas Kiki ki soti nan zantray G-9 ak reselè, mennaj Evelyne Sincère ke lanmò li soulve yon endinyasyon revòltant ak nasyonal, se youn nan materyo sispèk ke lapolis ap chèche tankou chyen fou.

Konsa, yo reproche Obed Joseph dèske li enplike nan zak briganday tankou: asasina, vyòl, sekestrasyon ak dap piyanp. Obed ta sanble pran lyann pou Laskaobas pou tonbe repiblik dominikèn, alòske DCPJ ap chèche l tankou chyen fou e ankouraje popilasyon an pou alète lapolis kèlkeswa kote yo wè’l.

Nap raple, lanmò ou nan kondisyon etidyan Evelyne Sincère mouri a revòlte tout sosyete ayisyèn nan. Anpil moun anvayi ak laperèz e pa menm enterese tande yon seri otorite krizokal ki pa sispan ranse sou kont tweeter nan kontante deklare ke yo pase enstriksyon fòmèl ak deklentchman ankèt chak fwa sikonstans lawont sa yo presante.

Peyi a fatige ou bouke tande entèvansyon dirijan enkapab ak pòtpawòl popetwèl ki pa sispan ranse nan laprès pandan ke nasyon ap kriye ak antere kadav pitit tè Jan Jak Desalin chak 24 èd tan.

Comments are closed.