Inityativ sosyete sivil Tigwav lanse yon operasyon ki rele Kapwa Lamò.

903

08-26-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kapwa Lamò, se non yon mouvman operasyon òganizasyon inisyativ sosyete sivil Tigwav (USEP), lanse jounen samdi 26 dawou 2023 a, atravè yon konferans pou laprès, pou di “NON”, yo pa dakò ak desizyon chèf gouvènman Ariel Henry a, pran pou fè vini fòs miltinasyonal pile sòl papa Desalin nan.

Responsab USEP yo, deklare 22 dawou 2023, sa fè 232 lane depi esklav yo te revòlte kont blan je vèt sou sòl ayisyen an. Premye minis defakto Ariel Henry ki genyen non li site nan touye ansyen prezidan JoveneL Moïse, mande pou retounen ak fòs miltinasyonal sou ti bout tè papa nasyon an, kòm kwa yap vini rezoud pwoblèm ensekirite a nan peyi Dayiti.

Manm òganizasyon yo nan USEP presize zam ki anba men bandi yo, kap kidnape, kap touye, kap vòlè, kap vyole, se kay Ameriken yo soti, ki selon yo, peyi Dayiti pa fabrique zam.

Nan sans sa a, òganizasyon inityativ sosyete sivil Tigwav (USEP) la, lanse yon mouvman Kapwa Lamò pou lendi 28 pou rive mèkredi 30 dawou, kote Jeremi ap pase pran Okay, Aken, Fondènèg, Miragwan, Tigwav, Gran Gwav, Leyogàn, Gresye, e Kafou, yon fason pou yo rantre nan Palè nasyonal pou rape kle a anba men Ariel Henry ak mèt Josué Pierre Louis.

Comments are closed.