Me ki sa TRiboLAND konnen de dènye zak vyolans yo nan kapital la, Pòtoprens

394

10\04\20

  • Vandredi 2 oktòb 2020, ajan gagoule USGPN krible anndan L’Ecole Normale Supérieure yon etudyan ki pote non Grégory Saint Hilaire nan moman plizyè etidyan t’ap revandike aplikasyon yon protokòl akò
  • Moun ki ta sanble gen problèm ak edikasyon ou liv, bwile nan samdi maten 3 oktòb bibliyotèk ENS la.
  • Responsab PNH yo anonse yon ankèt sou zak asasinaj etidyan ENS la.
  • Ankò yè samdi 3 oktòb la, etidyan yo te pran lari nan kapital la pou denonse lanmò revòltant kanmarad yo, Grégory.
  • USGPN genyen nan tèt li yon sèten Dimitri Hérard ke klamè piblik denonse nan yon latriye krim.
  • Ajan USGPN melanje ak ajan PNH kraze mouvman protestasyon avèk gaz lakrimojèn; yo pa epanye lopital Université d’Etat d’Haiti, sant matènite a ki te genyen malad ti bebe anndan an.
  • Gaz toksik la ki te rive jwen sant matènite a, kreye panik ak esoufman pou ti inosan yo.
  • Anpil paran oblije kouri kite enstitisyon enfekte a yon fason pou sove ti inosan yo.
  • Yon video kap sikile sou rezo sosyàl yo montre panik gaz kriminèl yo lanse nan matènite (HUEH) Lopital Jeneral la.
  • Anpil kòmantatè estime ke pòsyon goril ou inyoran nan swa dizan fòs sekirite kap mete lòd nan peyi a, pa menm gen kè nan men menm pou ti bebe ou fanm ansent.
  • Lòt kòmantatè deklare sou radyo nan kapital ke li klè ke peyi a definitivman pran anba yon dictate.
  • Se prèske chak 2 zèd tan yo zak vyolans pwodwi nan kapital la.
  • Opozan politik yo kontinye jwe ròl inaktif pandan ke yo kontinye ap fè deba sou yon radyo nan kapital la chak samdi.
  • Samdi 3 oktòb, sangwen yo pa arive idantifye ouvè zam sou moun nan Delma 83; 2 moun blese anba bal e pami yo te genyen yon polisye.
  • Sitiyasyon tansyon yo te kontinye ap manniganse jous byen ta nan samdi 3 oktòb la: yon gala pou anivèsè yon atis lokal byen koni, Blondedy Ferdinand te fann an miyèt moso anba tansyon ak boycott nan yon “night club”.

Comments are closed.