Fèmen Fontyè pou sispann mete lajan nan pòch moun kap imilye e maltrete nou kòm pèp, se pi gro konviksyon patriyotik.

1,451

11-23-2022

Pòtoprens______(TRiboLAND) Chapo ba pou tout ayisyen ki asèpte retounen lakay yo volontèman; chapo ba pou sila yo ki chape anba move tretman otorite dominikèn yo; chapo ba pou sila yo ki rete kwè fè komès ak repiblik dominikèn se trayi lapatri ou kraze tout mwayen ak fòs prodiksyon lakay; se vann kle vant sosyete ayisyèn nan ak zòt ki obsede nan fè fòtinn sou do ak ren pèp ayisyen.

DYASPORA! Se pi gro moman pou bay yon grok out men. Sa ki kapab ede yon “foye koperative” lakay ou, fè sa san grate tèt!

  • Ou genyen dlo, ou genyen tè, ou genyen savwa tout kalite, ou genyen diaspora kòm backup; kisa ki anpeche ou ale pito lakay vwazen nan vann jounen ak bourike nan fèm agrikòl e pafwa yon chwazi pa peye’w senkòb. Se vre, ou pa genyen leta kap sipòte’w. Kidonk, ou deja konnen, ou pou kont ou; sepandan, groupe an koperasyon, konsyantize e networking ak diaspora yon fason pou prodwi pròp manje lakay ou ke ou kapab fè konfyans.
  • Plantè dominken yo kòmanse ap rele akoz fontyè a ke patriyòt ki genyen karaktè yo arive fèmen.
  • Kontinye kenbe mobilizasyon fèmen fontyè a san lache! Tèt plantè repiblik dominiken yo cho.
  • Yo pa janm reyalize, malgre nou nan move sitiyasyon politik ak ekonomik fewòs; yo yap fè fòtinn sou nou e yo depann de malè nou.
  • BRAVO pou sitwayen konsekan Wanament yo!
  • Se bon lè pou sitwayen ayisyen yo pran yon seri dispozisyon sevè kont tout dirijan ou chèf sèvis ki konplis oubyen kap fasilite manje ki chaje ak prodwi chimik kap konpromèt sante popilasyon an.
  • Pa lage vant nou nan men plantè dominiken paske yo itilize ADN ki modifye avèk jeni jenetik ki koze anpil problèm sante.
  • Bay sa ou prodwi lakay plis valè ke sa ou pa wè etranje a ap pimpe nan kòsay ou lakay.
  • Sispann achte lòbèy nan men Repiblik Dominikèn, se sa ki fè yo pap janm ban nou respè.
  • Yo fè tout sa yo vle pou anpeche nou jwenn dlo pou awoze plènn nou yo nan zònn Nòdès peyi a, yon fason pou nou pa promote prodiksyon agrikòl; san konte ensèktisid ou jenetik organism modifye yo ta sanble ap flite sou plantasyon nou ak dwonn nan zònn fontalyè a.
  • Yo te fè menas sou Youri Latortue pou tèt li te tante ouvri yon fèm prodiksyon ze.
  • Pa bliye sa kriminèl yo tef è defen prezidan Jovenel Moise lè li te fè tantativ pou kanalize dlo pou fasilite promosyon agrikòl nan zònn Nòdès la.
  • Yo detèmine ke se yo ki pou genyen kle vant nou.
  • Se ayisyen kap bourike nan fè RD kap prodwi menm manje ke yo ap vann nou ankò. Konsa, yo mete konpatriyòt nou yo ap travay pou destabilize prodiksyon pròp peyi yo. SE GRAV!
  • Remanbreman prodwi lokal yo se inik mwayen pou nou rache endepandans vant nou nan men Repiblik panyòl la ki gen dig ddantan lap fè bè tout kalite sou tèt komèsan ak politichyen nou yo.
  • Repiblik dominikèn tèlman alèz, yo itilize yon pakèt prodwi lokal nou yo e yo mete “brand name” sou li pou yo vann nan Florid.
  • Ke ayisyen ki sou fontyè a mare senti yo pou sispann ale pran oubyen kite pase lòbèy dominiken prodwi inikman pou ayisyen. Nou pa gen leta kap kontrole kòmès andezòd ki inikman ap me kòb nan pòch yo repiblik dominikèn ki kwè nan fè fòtinn sou popilasyon ayisyènn nan ak sou egareman dirijan ayisyen, pandan yap fè nou kraze prodiksyon lokal nou yo a zewo.
  • Ki sa ki anpeche anyisyen elaji kad komès li depreferans ak plis lòt peyi nan Karaib la.
  • Bagay komès inilateral ak repiblik dominikèn se yon lòt dram pou peyi a. Ayiti pa benefisye anyen ladan’l; sinon ke imilyasyon, mank respè, desepsyon, dram, eksplwatasyon ak move tretman sitwayen kap bourike nan konstriksyon ak yon latriye fèm  agrikòl nan repiblik dominikèn.
  • Dirijan koupyon, oligat santikri nou yo ansanm ak konpòtman kriminèl politichyen ayisyen responsab a 90% agoni ak frekansite kap fèt sou sitwayen ayisyen yo.
  • Nou pa gen Leta kapa sire proteksyon vi nou; se mèt kò ki veye kò. Fè sakrifis e kanpe mouvman komès ak Sen Domeng kap detwi lakay, se pi gro inisyativ patriyotik ki kaplanse yon sinyàl klè ke “NOU MENM AYISYEN, NOU GENYEN YON TI KAL KARAKTÈ TOUJOU”.
  • Bravo, pou ayisyen nan Wanament ki pran yon seri dispozisyon ke LETA ta dwe pran; yon LETA koupyon ki reprezante ou ap travay pou gouvènman etranje kont popilasyon ayisyènn nan.
  • Ke repiblik dominikènn kenbe ou ekspedye lòbèy li yo tankou: sitron, bannan, lay….. elatriye lòt kote; e ke mouvman komès inilateral la fini ajamè.
  • Se yon gro opòtinite pou sa yo ki poze yon gro aksyon patriyotik; ki pran wout tounen lakay volontèman pou bay “Latè Promiz Panyòl” lan do”. Bravo, pa genyen tankou nou, nou antre gran nan listwa.
  • Lakay se lakay! Ale reprann aktivite koperativ agrikòl, konbit kominotè, eksplwatasyonou kaptaj yon seri dlo kap gaspiye; kanalizasyon ou awozaj; pwojè plantil yon seri espè agrikòl ki anvwa disparisyon; agrikilti familyàl e latriye.
  • Se yo mal pou yon byen! Yon gro opòtinite bab e moustach pou moun nan diaspora kreye avèk pròp mwayen yo yon seri promosyon fòs prodiksyon, networking estratejik, filè proteksyon ekonomik ou mikro-finans, aktivite petit-anplwa, ki kapab sipòte aktivite koperativ agrikòl atravè peyi a (prè ou loan, donasyon, semans, ekipman agrikòl, traktè, ponp idrolik, pano sole, poulaye, delko, pou arozaj, fòmasyon ou seminè agrikòl, program radyo ou tele sou sansibilizasyon agrikòl, tout sa ke yo kapab fè ki kapab fasilite yon parèy mouvman ki chita sou yon revèy nasyonal).
  • Ki sa ki anpeche yon legliz arive kreye pròp mouvman koperativ agrikòl li ki kapab fasilite fidèl ou moun deyò legliz la jwen manje ki nesesè. Legliz, tankou yon pakèt lòt antite tankou lekòl kapab fè egalman promosyon agrikòl, pwodwi manje sou yon espas e distribye rekòlt la bay elèv yo chak sezon. Anpil lèkòl nan peyi lòt bò dlo antre byen fon nan promote “agrikilti” ak “manje an sante”.
  • Ou menm ki deyò peyi a, ki santi frè ak sè nou yo pran tròp imilyasyon nan chèche lavi, fè tout sa ke ou kapab pou asiste yon plantè, yon group plantè, oubyen yon koperasyon agrikòl avèk yon zouti ou yon don kèlkonk, ki kapab fasilite yon parèy mouvman nan zònn lakay ou.

Comments are closed.