Komisè gouvènmen Tigwav la pran yon nouvèl dispozisyon pou fini ak movèz pratik vann gaz ilegal nan lari a.

1,398

11-21-2022

Tigwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon nòt pou laprès ke komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, Mèt Pierre Elioth Paul mete deyo jodi lendi 21 novann 2022 a, li fè nan kad yon nouvèl desizyon yo pran pou frennen movèz pratik vant gaz ilegal nan lari komin Tigwav.

Administratè pakè a, bay sitwayen yo 3 jou dèle pou retire kò yo nan movèz pratik sa a; pase dèle sila a, daprè komisè a, lalwa pral pran sanksyon kont tout moun la jistis ta jwenn kap vann gaz ilegal tribò e babò nan lari.

Nap raple, genyen plis pase 3 moun ki deja mouri kabonize, plizyè lòt te viktim gravman grav epi divès kay boule nan dosye vann gaz ilegal nan lari site Fosten SOULOUK la.

JOICY Arnold.

Comments are closed.