Responsab òganizasyon ACCIDEL yo, reyalize 4èm asanble jeneral yo, nan Ba 12èm seksyon kominal Tigwav.

07 – 13 – 2026
Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Responsab yo nan òganizasyon Aksyon Sitwayèn pou Devlopman Lokal (ACCIDEL), òganize 4èm asanble jeneral yo, yon fason pou ran manm yon kont sou sa ki genyen pou wè avèk bonjan fonksyonman estrikti a. Sòlòkòtò sila ki te dewoule jounen Jedi 09 jiyè 2026 lan, te reyalize nan lokal respektiv yo nan Ba 12èm seksyon Dèfoug kominal Tigwav, lokalite Chalmay.
Aktivite yo te dewoule an prezans divès otorite nan seksyon kominal la ak kèk reprezantan òganizasyon ki te soti nan plizyè seksyon; san konte yon latriye manm yo, patizan, senpatizan ak zanmi ACCIDEL yo ki pat manke fè santi prezan s ak antousyasm yo.
Prezidan estrikti ACCIDEL la, pastè Paul Flerimé ki te pran lapawòl nan diskou sikonstans lan, te prezante ACCIDEL kòm yon gwo bout tonton òganizasyon kap fè devlopman kominotè nan 12èm seksyon kominal Tigwav. Selon prezidan an, yo bay òganizasyon an yon oryantasyon ki favorize devlopman kominotè e ki vize dirèkteman yon defi ekonomik pou chak gren’n manm li yo aprè plizyè jounen refleksyon yo te reyalize nan epòk la.
Prezidan an fè konnen andan estrikti a, yo genyen yon pwogram ki rele “pase la”, kote yo mete lajan yo ansanm pou yo kapab sòti tèt yo .nan pwovrete. Nan pwogram sila a, yo genyen 3 bèl pwojè :
1) Yon pwojè edikasyon, kote yo peye lekòl pou pipiti 15 timoun paran ki pi vilnerab yo nan 12èm ak 1è seksyon kominal Tigwav.
2) Yon pwojè relèvman ekonomik.
3) Yon pwojè agrikilti.
Prezidan an rabat pou li di, andan ACCIDEL lè ou wè yon manm andan ACCIDEL, otomatikmam ouwè lajan. Li fè konnen, pou yon moun manm òganizasyon an, fòk li genyen 9,300 goud sou kanè li. Daprè dènye rapò yo, soti lane 2022 pou rive 2026 lan, yo rive kolekte yon kapital sosyal ki se 5.000 000 e kèk goud ki evalye a 38, 000 dola blan meriken.
Toutfwa, alatèt ACCIDEL la, pastè Paul Flerimé declare ke yo prevwa nan 10 lane pou yo genyen yon kapital sosyal ki dwe depase pou pipiti a 12, 000, 000 goud epi yo prevwa tou mete kanpe yon poulaye kominotè.






