Òganizasyon pou devlopman Senlwidinò (ODS) òganize yon gwo oumble dimach 20 novanm lan pou reflechi sou sitiyasyon aktyèl peyi Dayiti a.
11-20-2022
Senlwidinò, Ayiti (TRiboLAND) Òganizasyon pou devlopman Senlwidinò (ODS) òganize yon jounen fòmasyon dimach 20 novanm 2022 a, pou reflechi sou kriz aktyèl peyi a. Aprè yon long ekspoze Dieufort Etienne te prezante yon karikati problematik peyi Dayitia a ki pa yon bagay nouvo paske depi lontan peyi a te toujou ap fè mach aryè akoz dirijan yo ki pat janm kontribye pou avansman li.
Depi sou prezidan Divalye, peyi a te kòmanse pran pataswèl kote anpil richès peyi a te kòmanse al sere nan bank etranje tankou nan peyi Laswis. Sete yon move siy pou avni yon nasyon.
Kanta pou gouvènman ak palmantè ki pase nan 10 dènye ane sa yo, yo pote inikman kòripsyon, krim, deriv tout kalite; bagay pi mal ke moun pat janm reve wè.
Kanada ak Ozetazini kòmanse ap sezi byen yon seri kòronpi ki itilize pouvwa piblik yo pouf è krim finansye, ame gang e kraze tout enstitisyon. Yo akapare tout richès ki te kap fasilite devlopman nan peyi, bwote yo ale e envèsti yo nan peyi vwazen pandan yap kite peyi a kraze ak tout kalte flewo. Anpil moun swete wè ke byen ki sezi yo, pa ale nan avantaj peyi sa yo swadizan kap mete sanksyon, men ki pa reyèlman pran an konsiderasyon vrè problèm misèrere pèp ayisyen an ki toujou viktim anba men dirijan koupyon ke menm peyi sa yo toujou ap enpoze pèp ayisyen an.
Ke byen kriminèl sa yo sèvi pèp ayisyen an reparasyon e ke yo ale jwen yon gouvènman ayisyen lejitim, diyn konpetan, patriyotik, transparan e onèt ki sansib fas ak agoni pèp ayisyen an, daprè responsab ODS yo ki tap depoze.
ODS rabat poul di, “Nan peyi nou lè yo pran yon nèg nan dwòg yo deklare itilite piblik sou byen l, men anyen pa janm fèt nan espas yo pou itil popilasyon an. Pran egzanp lokal chachou nan Gonayiv se zanimo kap banbile la dan l pandan setan yo te ka itilize espas la pou konstwi yon otèl vil, lekòl pwofesyonèl, kreye espas divètisman pou lajenès oubyen granmoun. Sa ki ta sanble tris, tout byen sezi sa yo pral plen pòch peyi Kanada ak Etazini ki alafwa jij e pati!
Comments are closed.