Asasina sitwayen Vilssait Sainval nan 9èm Seksyon Dèpal, komin Tigwav.

03-08-2023
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Endividi yo pa rive idantifye asasinen Vilssaint Sainvil aje anviwon 50 lane ak plizyè kout manchèt nan tèt, nan do ak bò kòt li nan lannwit lendi 06 pou louvri madi maten 07 mas 2023 a, nan 9èm Seksyon Dèpal komin Tigwav nan lokalite Dumas, daprè jij depè sipleyan Valenbrun Jasmin ki pwosede ak konsta legal kadav viktim nan.
Selon majistra Jasmin, madam viktim nan, site anpil non moun ba li ki ta sanble patisipe nan asasina mari li, genyen ladan yo ki konn nan diskisyon avèk li e fè’l menas di’l yap touye’l.
Mèt Valenbrun esplike, li bay lòd pou fè fineray viktim nan, Vilssaint Sainvil, pandan’l ap travay pou voye dosye a nan pakè jiridiksyon Tigwav la pou swit legal yo.

Jij depè sipleyan Valenbrun Jasmin ki fè konnen, se avèk gwo difikilte pou l te rive sou plas krim nan, kote zak la te pwodwi a akòz pakou yo te fatigan anpil; se plis pase 40 kilomèt anviwon vil la mete sou sa, li pat genyen lapolis ki akonpaye li; konsa, li pa rive prosede ak arestasyon oken moun nan kad dosye sila a.
Nap raple, sa fè anviwon 3 fwa malveyan san fwa ni lwa ap asasinen, rache moun ak kout manchèt nan lokalite Dumas 9èm seksyon Dèpal, komin Tigwav, daprè sa majistra a di yo rapòte li.
Majistra Valenbrun ki lanse apèl bay peyizan yo, lè yo genyen yon pwoblèm yo dwe pote plent nan lapolis ak lajistis; pa rann tèt yo jistis, paske selon li lajistis la pou l sèvi yo.
JOICY Arnold






