Bandi sangwen 400 Mawozo ouvri zam sou yon kolònn machin, pami yo yon veyikil anbasad blan ameriken.

1,208

11-14-2022

Kwa Dèboukè, Ayiti____(TRiboLAND) Selon yon nòt reprezantasyon diplomatik amerikèn nan Pòtoprens, maten jodi lendi 14 novanm 2022, machin lapolis, machin kòmèsyal ak machin anbasad amerikèn te anba gro atak kout zam bandi sangwen ki ta zak ou mak fabrik group gang 400 Mawozo, nan Kwa Dèboukè.

Nòt la ale pi lwen pou li konfime ke genyen yon chofè ayisyen nan yon machin komèsyal ki blese pandan atak la, alòske lavi li pa andanje.

Pa genyen pèsòn lòt moun ki arive blese apa chofè a; sepandan, zak vyolans gang yo ap pran yon ekstansyon tèrifik, kote popilasyon an trouve li anpetre anba yon gouvènman gang ki mete ak plis pase yon santèn group gang ame anndan peyi a.

Comments are closed.