Leyogan Ensekirite: wout nasyonal nimewo 2 a ak divès lòt kwen nan vil Leyogan bloke soti yè madi 21 pou louvri mèkredi 22 mas 2023 a.

1,038

03-22-2023

Leyogan, Ayiti ___(TRiboLAND) Wout nasyonal nimewo 2 a nan nivo Leyogan ak divès lòt ri nan vil la, barikad anflame, anpil kwen bloke, soti yè madi 21 pou louvri mèkredi 22 mas 2023 a, akoz bandi ki kidnape 4 jènn gason ki soti Pòtoprens nan yon pap padap nan zòn Matisan pandan week-end pase a, daprè deklarasyon prezidan komisyon kominal site Anakawona a, Henry Erson.

Ajan ekzekitif enterimè komin Leyogan nan, Henry Erson deklare tout ti kwen lòk pa genyen travèse fas ak revandikasyon popilasyon an, kap mande liberasyon 4 sitwayen sa yo bandi sangwen kidnape.


Bandi, ravisè yo reklame gwo sòm lajan ke fanmi otaj yo pa mèm pwosede. Fanmiy yo ki pa kapab kenbe dlo nan je yo ,pa konnen ki sen pou yo adrese devan sitiyasyon difisil sa a. Yo mande bandi yo ki se chèf peyi a, tanpri souple libere otaj yo, selon sa ajan ekzekitif enterimè meri Leyogan nan, Henry Erson rapòte nan mikwo laprès.

Toutfwa, protestatè yo fè konnen, yap toujou rete sou beton an, yap lòk tout espas ki mennen pòtoprèns ak gran sid peyi a, yap fè tout sa ki posib joukkaske ravisè yo tande rezon pou libere 4 jènn gason yo san lajan.



Comments are closed.