Bandi sangwen ame boule nan mitan Pòtoprens plis pase yon santèn machin e redwi an sann plizyè depo

931

03 – 25 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Bandi sangwen ame yo pa sispan miltipliye vyolans tout kalite nan depatman Lwès peyia, patikilyeman nan kapital la, Pòtoprens .  

Konsa, san manman yo mete dife nan plis pase yon santèn machin e redwi ansann plizyè depo ak garaj anba dife, dimanch 24 mas 2024 la.

Pami estrikti ke bandi yo ensandye, ou jwen tribinal Seksyon Sid kapital la, san oken fom rezistans. Zak  

Vyolans gang yo pa sispann ap moute balkon; aloske kominote entènasyonal la ki konplis nan efondreman Ayiti, pa sispann fè dilatwa ak moratwa depi plizye lane; e pase politichyen ayisyen yo anba zèl sapat pye. 

Comments are closed.