Lekòl la nan rejyon metwopolitèn Nòdwès resevwa yon fwa ankò yon lòt gwo pataswèl.

1,351

Lekòl tipa, tipa, dat sou dat, pou yon ènyèm fwa ankò li pa fonksyone nan site Kapwa Lamò a.

11-14-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Jan sa te anonse pou jounen lendi 14 novanm 2022 a, pou reouvèti klas la nan vil Pòdpè, nan yon mikwo twotwa korespondan TRiboLAND yo rive reyalize byen bonè maten an devan plizyè lekòl; divès konsta montre majorite pòt lekòl te rete fèmen.

Sepandan, nan fouye zo nan kalalou, repòtè TRiboLAND ta pral pantan sou yon lekòl ki ouvè pòt li avèk sèlman 8 pwofesè avèk 3 elèv ki te prezan sou lakou enstitisyon an.

Kanta enstitisyon kite mete nòt deyò pou reouvèti klas la tankou : Lise Tètilyen Gilbo, CNDL e latriye; yo menm tou, pòt yo te louvri se vre men pat genyen plis ke 7 elèv prezan.

Paran yo ki enpwuisan fas ak gouvènman kriminèl defakto Ariel Henry a, fè konnen yo pap kapab voye ti moun yo lekòl tout otan gaz la pa rive desann nan ponp yo.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.