Tigwav Edikasyon: Rantre lekòl la pa efektif nan site souloukwaz la.

1,328

Lindi 14 novann 2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Pòt Lekòl yo toujou rete fèmen nan komin Tigwav pou lindi 14 novanm 2022 a, malgre te genyen anpil deba ki te anime atravè divès estasyon radyo ak rezo sosyo yo. San konte rankont ki òganize ak otorite etatik yo, manb nan sosyete sivil la pou te pèmèt lekòl la.

Lekòl Nasyonal Borno Lamarre, Lekòl Nasyonal Dèfiy, Lekòl Nasyonal Grang Fond 10ème seksyon Dè Pal, Lekòl Nasyonal Brignol Lindor 9ème seksyon, EFAKAP Tigwav, Lise Fosten Soulouk, Lise Roseline Vaval nan Vyalè 1è seksyon, Kolèj Pè Sent Inyas, Mè Lasajès, Kolèj Metodis, se kèk pami enstitisyon eskolè ki pa ouvè pòt yo jodi lendi a.

Selon divès paran elèv ki tap reponn kesyon TRiboLAND, yo esplike, gaz la se yon pwodwi transvèsal ki otomatikman genyen enpak sou ogmantasyon pri sou tout sèvis ak pwodwi premye nesesite yo ki moute sou mache nasyonal la.

Paran yo ki deklare gaz la ki moute a 570g nan ponp yo, goud la kap dezapresye fas ak dola a, lè yo kosidere lavi ak grangou mizè tout kalite, ensekirite, kidnapping ak blackout ki blayi kò yo nan peyi, yo kwè ke se tout rezon sa yo ki akòz Lekòl la pa fonksyone. Paran gadyen yo fè konnen, se leta ayisyen ki genyen obligasyon pou kreye bon jan kondisyon pou fè lekòl fonksyone nan peyi a.

JOICY Arnold

Comments are closed.