Ansyen majistra asesè komin Tigwav la, Delor Desgranges akonpaye plizyè dizèn elèv lekòl vizite Fò Merlin.

841


05 – 21 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Ansyen majistra adjwen komin Tigwav, Delor Desgranges nan tèt yon delegasyon e akonpaye plizyè dizèn elèv lekòl ki soti nan divès etablisman ak ekip li, vizite Fò Merlin ki twouve li nan Ri Repiblikèn, jounen madi 21 me 2024 la, nan kad yon pwogram ki pote non dekouvri patrimwan kominal Tigwav.

Yon aktivite ki dewoule an prezans divès pèsonalite etatik, direktè lekòl, reprezantan òganizasyon yo, notab yo ak manm nan popilasyon an.

Nan okazyon an, nan diskou li nan sikonstans lan, majistra Delor Desgranges, fè istorisite Fò Merlin, li fè konnen, Fò a konstwi nan ane 1698, anba lobedyans yon enjenyè Francè ki rele Merlin, pandan l deklare Fò Merlin konstwi nan lide pou te pwoteje vil Tigwav kont ennemi yo.

Selon Delor, Fò Merlin genyen 4 dimansyon:
– yon dimansyon mistik
– yon dimansyon Touristik
– yon dimansyon istorik
– yon dimansyon Voteks.
Dimansyon voteks signifi 4 eleman nan lanati ki antoure Fò a, dlo, lè, dife ak tè.

Nap raple, Tigwav genyen 6 Fò: Fò Libète nan 11èm, Fò Merlin, nan Ri Repiblikèn, Fò Wayal nan Vyalè premyè seksyon, Fò Lemazi nan 11èm, lokalite Dupy epi Fò Gary nan 7èm seksyon kominal Tigwav, lokalite Lefò.

Comments are closed.