“Fonmèl An Aksyon” enstale plizyè poto limyè ki fonksyone ak lanp solèy nan lokalite Fonmèl.

1,041

Fonmèl An Aksyon, yon estrikti sosyal ki makònen ak dyaspora deside bay Fonmèl yon lòt vizaj nan zafè devlopman kominotè.

11-13-2022

Chansòlm, Ayiti____(TRiboLAND) Travay nan zafè wout, pak espòtif, konstriksyon plas, lekòl kominotè, se bilan yon seri travay san parèy “Fonmèl An Aksyon” deja egzekite pou repete Hodes Mertil, yon manm nan estrikti sila.

“Fonmèl An Aksyon” ki deside bay dèyè’l 2 tap, enstale nan divès zòn estratejik nan Fonmèl, divès poto siman ak lanpadè solè nan lide pou non sèlman, kwape ensekirite a men tou, anbeli anviwònman fonmolèz la.

Pwomèt yon devlopman kominotè adekwat, Hodes Mertil, ansyen Majistra komin Chansòlm lan, lidè gwoup sila fè konnen, yap panse sou divès lòt pwojè nan enterè abitan yo.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.