PNH: Yanick Joseph demisyone

414

Pòtopwens___(TRiboLAND) Yanick Joseph, Kòdonatris Sendika Polis Nasyonal Dayiti (SPNH) la pwofite pandan li an kaval pou bay demisyon li nan enstitisyon PNH la.

Nan yon lèt ki date 15 jwen 2020 ansanm avèk materyèl sèvis PNH la tankou minòt, zam, flash e latriye bay responsab PNH yo, Yanick finalman kraze yon kite sa, dapwè sèvis ameman pou direksyon lojistik PNH la jodi vandredi 19 jwen 2020.

Nan lèt orevwa sa, Yanick pa ezite degaje konsyans li nan kad jefò li tap fè pou enstitisyon an te sispann vyole dwa polisye yo sistematikman. Li deklare, apwè 11 lane sèvis, li reyalize se yon desepsyon total kapital.

Li bon pou nou raple, apwè yon konvokasyon sispèk bò kote enspektè jeneral PNH la, Yanick gen plizyè jou ke li nan kanpe lwen pa pwoche.

Comments are closed.