Yon latriye 15 kidnapè jwenn arestasyon yo anndan Lamanten 54 nan Kafou

0 332

Pòtopwens____(TRiboLAND) Plis pase 15 pwezime kidnapè jwenn arestasyon yo yè swa ki te Dimanch 12 Avwil 2020 an nan Lamanten 54, nan Kafou.

Kout pwive sa fèt avèk konplisite jij depè ak ajan PNH yo ki te deja genyen enfòmasyon sou baz bandi yo nan Kafou. Kriminèl yo, selon otorite lokal yo ta responsab plizyè ka anlèvman nan komenn nan e yo akize yo tou dèske yon nan kòkòday ak lòt gwoup gang ame Gran Ravenn yo.

Selon Lapolis, youn nan bandi yo ta sanble enplike nan dènye zak kidnapping ki te fèt sou Dr. Jerry Bitar, nan Ti Pèleren. Li se egalman yon kòdonatè adjwen nan Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès (ONA), dapwè Minis Jistis ak Sekirite a, Mèt Lucmane Delile ki konfime ke “se yon bandi ki toujou jwenn reselè libere l chak fwa li jwenn arestasyon l”.

Leave A Reply