Pòdpè – Ensekirite: Yon jèn fanm mouri asasinen anba kout machèt yon bandi yèswa nan Labèl Plas

1,404

11-13-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Yon jèn fanm ki rele Angeline Méléon mouri asasinen anba kout machèt yon bandi yèswa nan Labèl Plas, yon lokalite ki plase a kèlke kilomèt vil Pòdpè.

Selon yon fanmiy viktim nan, Li te vè 11è yèswa lè Angeline te tande yon moun tap frape pòt lakay li; konsa, osito ke li te ouvri, yon ansyen boubout li ki rele Ti Wood ta fini avèk li anba kout machèt jiskaske li egzekite’l.

 Enfo yo fè konnen ke Ti Wood se te yon ansyen boubout Angeline; sepandan yo te separe. Konsa, ta sanble Ti Wood ki se yon gro tonton chèf gang, te genyen gro malmakak jalouzi pou te asèpte separasyon an. Se konsa, li mete fen nan vi Angeline.

Genyen yon lòt vèsyon ki ta menm deklare ke defen an te genyen yon ti gason 15 lane ki ta viktim egalman nan moman krim nan. Li enpòtan pou moun konnen ke Angeline te manke mouri deja anba men Ti Wood, ki te arive kase yon ponyèt li.

Comments are closed.