Kòdonatè kazèk 2e seksyon Sous Bovwa, denonse yon òganizasyon ke yo rele GIRADEL la

2,940

04/05/2022

Chansòlm, Nòdwès_____(TRiboLAND) Kòdonatè konsèy administrasyon seksyon kominal Sous Bovwa nan komin Chansòlm denonse zak malonèt ak koripsyon manm òganizasyon GIRADEL yo nan seksyon kominal lap admistre a.

Pou Mickerlange Darisier, GIRADEL kise yon òganizasyon kap travay pou konbat lavi chè ak grangou e ki vin ranplase PAM (Program Alimantè Mondyal), e kite konte ede anviwon 678 abitan nan 2e seksyon sous bovwa pa ateri.

Kòdonatè kazèk la soulinye, èd GIRADEL pote bay abitan yo pa bay ditou nan transparans. Li denonse magouy kap fèt yo paske anpil fwa gen abitan ki kite lakay yo pou al chache ti tchotcho a, lè yo rive se swa yon chanje dola ameriken an pou yo bay moun yo ti lòzèy mounen oubyen lè yo vin chèche kòb la; e lè yo lonje kat la yo fè yo konnen kòb la bay deja.

Sepandan, pou kòdonatè a, abitan yo ta sipoze jwenn oubyen resevwa 91 dola blan meriken malerezman ti kichòy yo bay an goud la pa menm reflete reyalite dola a. Nan mwa jen yo te bay 1200ht, jiyè 1200ht, dawout 1480ht, septanm 1480ht, kèlkeswa kòb la monte ou pa menm kout baton an.

Darisier Mickerlange ki li menm santil vekse fas ak yon seri zak malonèt ak koripsyon denonse manm òganizasyon sila yo atravè korespondan TRiboLAND yo e mande ak responsab yo resezi yo.

Kòdonatè konsèy administrasyon seksyon kominal Sous Bovwa a, Mickerlange Darisier lonje dwèt li byen long sou enjenyè Rocky ak yon sèten Phosnold Kel Estimate jiska prezan ki dwe vin bay rapò non sèlman sou jesyon kòb yo men tou bay esplikasyon sou pwojè a ki kanpe pandan ke malerèz ak malere yo pako menm fin jwenn ti grabday la.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.