Kowonaviris: Finalman otorite lafwans yo legalize lavant “Hydroxychloroquine” nan

0 390

Pòtopwens___(TRiboLAND) Apwè prezantasyon pwofesè IHU Marseille la, Didier Raoult sou efikasite “hydroxychloroquine” kont Kovit-19 la, apwè anpil enterè ke popilasyon Lafwans lan ak plisyè kote nan monn lan manifeste pou “chloroquine”, otorite peyi Lafwans yo finalman oblije deside legalize lavant medikaman sa ki susite anpil deba siyantifik.

Kidonk, se jodi Jedi 26 Mas 2020 an, Pwemye Minis la, Édouard Phillipes ak Minis Sante a, Olivier Veran pase paraf anba yon dekrè ki otorize pweskripsyon “hydroxychloroquine” ak koneksyon “lopinavir/ritonavir” ki kapab kontrekare nouvo kowonaviris la.

Konsa, kondisyon pou achte medikaman sa yo chita anndan dekrè a ; pami yo ou jwenn ke achtè a dwe genyen yon pweskripsyon inityàl ki pa pou kont kovit-19 la, yon fason pou pa deranje stock nan famasi yo.

Efikasite chloroquine nan li jistifye apati yon seri rezilta tès ki te efektye sou 24 malad kowonaviris nan peyi Lafwans anba lobedyans pwofesè Didier Raoult ki demontre efè pwisan medikaman nan pwosesis tretman kowonaviris la.

Leave A Reply