Batay ant 2 bann rara nan Chansòlm lakòz yon moun e plizyè lòt blese

0 415

Chansolm/Pòdpè____(TRiboLAND) Eskonbwit pete ant 2 bann rara yè swa nan Sous Bovwa nan Chansòlm, kelke kilomèt pa lwen vil Pòdpè.

Afwontman 2 bann ki fèt ak yon vyolans fawouch ak manchèt andyable okazyone tèt yon moun dekapite e plizyè lòt blese gravman grav, selon Majistra komenn nan, Hodes Mertil ki reyèlman choke anba dènye zak vyolans yo nan debi semènn sent lan.

Mesye Mertil deklare bay lapwès se absans resous ki lotè vyolasyon konsiyn kowonaviris la ki gen pou wè avèk rediksyon foul ak distan sosyàl ki okazyone batay bann rara yo ki pase anba pye regleman kanpe lwen pa pwoche otorite lokal yo.

Leave A Reply