Lidè pitit Desalin nan Moïse Jean-Charles rantre nan vil Wanament pou akonpaye popilasyon nan revandikasyon li

1,341

11-10-2022

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Plizyè milye moun ak drapo Larisi e drapo nwa e wouj foule beton an nan vil Wananment sou inisyativ Moïse Jean-Charles pou proteste ak fòse Premye minis defakto a, Ariel Henry kite pouvwa. Akoz enkonpetans li sou lavichè, ensekirite, ak kriz gaz la elatriye…

Manifestasyon an ki demare nan zòn Gaya pou te fasilite rantre lidè pitit Desalin nan, kote divès baz nan vil Wanament te kont rantre Moïse Jean-Charles nan vil la. Revandikasyon divès nan yo se paske yo pa jwenn lajan ki kòz yo bloke gwoup Gaya a.

Nan premye deklarasyon li te fè nan Kafou Tiblan nan rantre vil la, lide pitit Desalin nan fè konnen prezans li nan Wanament se pou mande Ariel Henry demaske’l sou pouvwa a e pou lavi chè a bese. Li deklare si n pa leve kanpe pou Ariel Henry kite pouvwa a, nan jou kap vini yo nap bezwen 250g pou yon dola e 500g pou 100 peso domi

Nap raple, te genyen plizyè moun ki baze yo nan divès kwen nan vil Wanament ak zam nan men, manchèt, wòch, boutèy pou te kapab anpeche manifestasyon an fè chemen l.

Jn Simon Manex

Comments are closed.