Lopital Notre Dame La Paix Janrabèl : Direktè a, Dr Novensky Aurelien rankontre notab yo sou sitiyasyon lopital la.

486
0
Share:
Triboland

Janrabèl, Ayiti______(TRiboLAND) Aprè 2 mwa kòm nouvo direktè lopital Notre Dame La Paix nan Janrabèl, Dr Novensky Aurelien rankontre jounen vandredi 18 jiyè 2025 lan, notab ak sosyete siivil la pou l eksplike yo nan ki eta li te jwenn enstitisyon an.

Selon chirijyen an, lopital Notre Dame La Paix, e yon estrikti medikal kap desèvi 4 komin Banòdwès yo: Janrabèl, Mòlsennikola, Bonbadopolis, e Bèdeèn. Enstitisyon medikal la genyen sèlman yon sèl grenn atou, ki se yon operatè doksijèn pou alimante 10 komin depatman Nòdwès; kidonk, se yon bwat sanitè ki vid e toutouni.

Pwoblèm yo twòp! Nan kat pwen kadino Lopital Notre Dame La Paix, se plizye depotwa fatra ki fè moun esplikasyon. Sa poze yon pwoblèm pwòpte ki kontredi atribisyon ou misyon enstitisyon an. Absans elektrisite, se yon lòt dilèm ki rann La Paix totalman disfonksyonèl. Depi li te fè 7h, tout paysan, gaya ou pa, plonje nan fènwa. Aloske yon lòt bò, sèvis konpayi DINEPA yo, tounen gaz ra, yon sitiyasyon ki ogmante risk kontaminasyon sanitè yo. Selon kontrandi Dr Aurelien, pa genyen nominasyon medsen ki arive fèt; konsa, se gras ak relasyon zanmitay li ki fè yo jwenn 4 medsen rezidan pou lopital la.

Dr Aurelien ajoute pou l di: lopital la gen 113 anplwaye ; men se 32 sèlman Leta rekonèt. Mete sou sa, resous imèn yo pa menm konpetitif. Devan tout volim pwoblèm sila yo, Dr Aurilien di, li pap dekouraje. Li pral mete kanson’l nan tay li pou li pote yon solisyon ak pwoblèm lopital la ap konfwonte. Li fè notab yo konnen Chèf pa plenyen, se aji Chèf aji, paske rèv li, se chèche yon bonjan espas pou loje lopital Notre Dame La Paix nan komin Janrabèl.

Share:

Leave a reply