Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen (SYNAPOHA) yo mande Gouvènman Ayisyen pou ogmante salè yo ak ajiste kantite lajan ti kat la.

1,436

11-11-2022

Taba, Ayiti ____(TriboLAND) Nan yon nòt Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen a mete deyò jounen jedi 10 novanm 2022 a, òganizasyon kap ede polisye yo pare kou, mande gouvènman defakto a pou ajiste salè mansyèl yon ajan de 1 a 50 mil goud, anplis ajoute yon kokad sou tèt ti kat debi a 30 mil goud chak mwa.

SYNAPOHA pran desizyon sa, swit ak pri gaz la gouvènman monte a, ki gen gwo enpak sou pri tout lòt pwodwi ak sèvis atravè peyi a. Selon responsab SYNAPOHA a, polisye yo ki ap bay lavi yo nan pwoteje ak sèvi popilasyon an, toujou gen menm salè yo te genyen an, malgre lavi a ap vin pi di chak jou ki jou.

Sendika a mande pou tout polisye ki nan tout 10 depatman an, pou mete vwa yo ansanm ak vwa sendika pou egzije Leta Santral pran an konsiderasyon yon parèy demand.

Comments are closed.