Kominote dyaspora a, nan peyi Lafrans manifeste kont prezans premye Minis defakto Peyi Dayiti a.

1,057

Anviwon yon santèn ayisyen kite reyini sou Plas Fontenoy, nan peyi Lafrans, leve vwa yo kont prezans, premye minis prezidan an, Ariel Henry, jounen vandredi 23 jen 2023 a, nan peyi Lafrans.

06-24-2023

Pari, Frans___(TRiboLAND) Plis pase yon santèn sitwayen nan kominote ayisyèn nan, nan peyi Lafrans te reyini sou Plas Fontenoy, jounen vandredi 23 jen 2023 a, nan lide pou rele chalbari dèyè premye minis defakto ayisyen an, Ariel Henry.

Manifestasyon sa a, ki ta pral dewoule byen bonè sou Plas Fontenoy la, kole, kole ak lokal UNESCO a, te genyen pou objektif, denonse premye minis lan, ke yo fè konnen, ki mare kòd lonbrik li ak gang yo nan peyi Dayiti. Pou manifestan yo, Ariel Henry ak gang ame yo se pwason kraze nan bouyon. Nan sans sa a,manifestan yo, nan moman yo tap denonse premye minis lan, tou pwofite voye yon penga, bay kominote entènasyonal la, yo di kap soutni yon pouvwa kriminèl ou pouvwa asasen.

Nap raple’w, pòtpawòl pwotestatè yo te menm mande Emmanuel Macron pou ki sa li pat chwazi envite Vitelhomme Innocent egalman nan somè a, pwiske Ariel Henry ak Vitelhomme se 2 chèf gang alye.

Premye minis prezidan tout kalite a, Ariel Henry, te kite peyi Dayiti pou patisipe nan yon somè ak plizyè chèf Leta planèt la, nan peyi Lafrwans.

Comments are closed.