Tigwav: gwo van tansyon ak panik tranble janm pou rewouvèti lekòl la.

1,530

11-10-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Yon gwoup moun ki pa idantifyàb boule kawotyou epi flanbe barye lekòl Metodis Tigwav la byen bonè jedi 10 novanm 2022 a.

Sitiyasyon sa a rive, se aprè responsab yo nan lekòl Metodis te fin òganize yon reyinyon ak anseyan yo, yon fason pou reprann kou yo nan sal de klas yo.

Sepandan opinyon yo pataje pa rapò ak seri deba kap fèt atravè plizyè estasyon radyo ak rezo sosyo yo nan site Fosten SOULOUK la dènye jou sa yo sou yon evantyèl rewouvèti lekòl la nan komin nan.

Gen paran ak anseyan ki plede pou rantre lekòl, menm si yo rekonèt lavi chè, grangou, ratman gaz, ensekirite, kidnapping ak blackout elatriye…Yo kwè fòk lekòl louvri, yo esplike gen peyi menm nan moman lagè yo kreye yon koulwa imanitè pou fasilite timoun yo ale lekòl; tandis ke pou sèten lòt pa genyen oken posibilite pou lekòl la louvri fas ak problèm tout kalite ki genyen nan peyi a.

Anpil paran yo fè konnen se leta ki li menm genyen obligasyon pou kreye bon jan kondisyon pou lekòl fonksyone pandan yo menm gagyan ap ranpli devwa pa yo.

Selon enfòmasyon ka sikile, gwoup moun sa yo, di yap kontinye mete dife epi flanbe tout baryè lekòl ki ta genyen entansyon pou fonksyone nan vil la, si ansanm problèm yo pa rezoud andan peyi Dayiti.

JOICY Arnold, Tigwav

Comments are closed.