2 zan Premye Minis defakto Ariel Henry a, pèt total souverènte ayisyèn lan

1,100

07-20-2023

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Daprè Ylysse Jean Charles, Kòdonatè Jeneral “Mouvement Point Final” avèk Ariel Henry sou pouvwa pandan 2 zan, pèp ayisyen an pèdi totalman souverènte li. Se efondreman total ekonomi peyia.

20 jiyè 2021-20 jiyè 2023, dat ki make 2 lane rèy Ariel Henry a. “Mouvement Point Final” chita an blòk monolitik pou jete rejim an plas la. PM defakto a, senbolize malè peyia depi li rive nan tèt pouvwa. Daprè MPF, PM nan dilapide prèske 500 milya goud nan bidjè nasyonal la. Lajan dwan, DGI sitou avèk zafè paspò pou moun ki vle benefisye pwogram imanitè Administrasyon Biden lan ak dola 50 Edikasyon an.

Avèk Ariel Henry sou pouvwa a pandan 2 lane, peyia fè fas ak yon ekonomi kriminèl. Anplis, pa gen oken pwojè Politik Piblik vyab nan peyia, Ariel ak akwolit li yo sèlman rich, majorite popilè a vin pi pòv. MPV mande pou tout sektè nan peyia leve kanpe pou ranvèse ekip Ariel la sou pouvwa, pandan sektè sa yo ap prezante yon altènativ politik pou sove Ayiti kont gè sivil ak mizè nwa sa peyia ap fè fas.

Comments are closed.