Nu-Look : Arly Larivyè bay Rivyè Masak yon lonsyè 400 000 goud pou KPK

1,045

09-24-2023

Okap, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon mesaj maestro Arly Lariviére ekri sou paj ofisyèl Facebook li pandan sware vandredi 22 septanm 2023, li fè konnen gwoup mizikal lap dirije a, pa ka rete endiferan nan gwo travay peyizan yo antreprann sou Rivyè Masak la. Konsa Nu-look bay komite jesyon KPK (Kanal Pap Kanpe) a, kat san mil (400 000) goud pou kontinwite travay la.

” Arly Larivière ak gwoup Nu-Look remèsye popilasyon Wanament la, pou aksyon patriyotik yo, ki reveye nan non chak grenn ayisyen, yon konsyans ak yon fyète ki tap dòmi e ki te disparèt lakay kèk sitwayen ayisyen an. Nu-Look pa ta kapab rete endiferan nan kokennchenn woumble sila.

Gwoup la voye yon premye kotizasyon ki estime kat san mil goud, (400 000) pou kontinye travay konstriksyon kanal la sou Rivyè Masak la.Yon lòt vèsman lajan gen pou fèt avan lontan. “KANAL LA PAP KANPE”, dapwè Lariviere sou Larivyè Masak.

Mesaj responsab Nu-Look la, sonnen byen nan zòrèy popilasyon an, patikilyèman nan mitan fanatik yo nan Wanament ki santi yo fyè e kontan pou kontribisyon djazz la, pandan yo rete ap tann KLASS, Tropicana, Septan ak lòt djaz yo.

Nap fè remake prezidan komite jesyon travail irigasyon sou Rivyè Masak la, Pasteur Moïse Joseph fè konnen komite a prevwa inogire kanal la, 18 Novanm 2023 kap vini la, sitout fwa pa gen kontrayete.

Comments are closed.