Anmwey! Bandi yo menm atake Bank Santral nan mitan kapital la, Pòtopwens.

892

02 – 23 – 2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Daprè edisyon “Jounal 4è, Radyo Kiskeya, apwèmidi vandredi 23 fevriye 2024 la, bandi sangwen arive atake divès lokal Bank Santral nan kapital la, Pòtopwens.

Dapwè sous medyatik la, bandi yo atake bank lan, vè 5è apwèmidi jodia; konsa, pwezantatè jounal 4è Kiskeya te oblije lanse nan moman jounal la yon SOS, pou mande konkou lapolis.

Nan dènye jou sila yo, atak gang yo pran yon vitès tèt chaje, kote ke yo poze tout gwo zak ke moun pa ta ka imajine. Konsa, malgre tout deteryorasyon sa yo fas ak yon pèp ki alagoni, Ariel Henry ak tout malfektè rasis entènasyonal kap sipòte li yo, ta sipoze tradwi devan Kou Jistis Entènasyonal pou efondreman peyi Dayiti.

Comments are closed.