Senlwidinò / Ensekirite; Kazèk 3èm seksyon Dègranj lan di li pral ede popilasyon an konbat fenomèn ensekirite a!

1,108

11-09-2022
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon rankont ak popilasyon 3èm seksyon Dègranj lan, Kazèk Saintilus Elusmé di li pral ranfòse kantite polis minisipal yo nan seksyon an pou vin gen plis moun ki prepare pou konbat tout nèg ki gen entansyon remonte baz gang nan mitan popilasyon an.

Yon inisyativ tout moun nan kominote a apresye epi bat bravo lakontantman paske si ta vin gen lòt gwoup ki ta vin pran pye nan seksyon an pou vin teyorize popilasyon kon gwoup nèg kite la anvan yo se manke ak responsabilite yo kòm otorite kominal.

Nan sans sa a, yo mande popilasyon an rete vijilan pou pa kite move zangi soti lòt kote pou vin rantre nan mitan yo pou vin plante move zèb pou detwi rèv kominote a. Annatandan yo ranfòse ekip minisipal la, ansyen manm polis minisipal yo ap kontinye travay nan menm objektif la pou kwape bandi kap vin simen latwoublay nan rejyon an jan sa kòmanse fè a.

Menmsi bandi yo gen mèt nan tout peyi kap finanse yo gwo zam pou detwi mas defavorize a; pa bliye nou se wozo, nou pliye se vre, men nou pap kase. Viktwa final la se pou pèp la, se deklarasyon yon latriye rezidan nan diferan seksyon kominal.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.