Nan boukantaj kout zam ak lapolis, chèf gang “Djòl” kraze yon kite sa!

1,433

11-09-2022

Kwa Dèboukè, Ayiti____(TRiboLAND) Yon gro papa gang ki pote non Jeff alyas “Djòl” pase alenfinitif nan boukante kout zam ak lapolis nan moman yon operasyon sòlòkòtòyè madi 8 novanm 2022 a, nan zòn Koray/Seselese, Kwà Dèboukè.

Djòl ki se yon prezime bandi, ki te toujou danse kole avèk gro chèf gang Kanaan ki rele Jonès Firmin. Prezime annafè a  te genyen yon seri gro papa akizasyon ki pandye sou tèt li. Yo reproche l kòm sangwen ki responsab yon latriye zak kidnapping, anlèvman, brakaj, vòl, vyòl ak detounman kamyon machandiz nan zòn Kanaan, daprè sa lapopo ta fè konnen.

Nap raple chèf gang Jonès Firmin, trouve li anba men lapopo depi 19 oktòb 2022 sou akizasyon zak asasinay Jean Claude Desravine, yon anplwaye sivil nan enstitisyon polisyè a.

Comments are closed.