Ajan UDMO yo tire Semedy ak yon bal nan tèt nan komin Sen Lwi Dinò

Sen Lwi Dinò, Ayiti — Maten samdi 11 oktòb 2025 lan, ajan inite UDMO yo te tire yon sitwayen ki rele Semedy avèk yon bal tèt. Daprè plizyè temwen nan komin nan, viktim nan se yon moun byen koni nan vil la, men yo di li te genyen ti pwoblèm bonnanj. Yo soulinye tou ke li pa t janm konsidere kòm yon bandi ni kòm yon moun ki te poze pwoblèm nan zòn nan.
Ensidan an te lakòz yon gwo kòlè nan mitan popilasyon Sen Lwi Dinò. Anpil moun ap akize ajan polis yo pou aji san jistis, pandan y ap neglije mennen operasyon kont gang ak bandi ki te simen laperèz nan komin nan depi kèk tan.
Youn nan manm kominote a deklare: « Olye ajan UDMO yo ale konbat bandi, yo pito ap maltrete ak tire sou moun inosan. Yo tounen tankou dan pouri k ap pran fòs sou bannann mi. »
Anpil moun leve vwa pou mande Direktè Depatmantal Polis Nòdwès la, Fred Joseph, pran dispozisyon prese pou mete disiplin nan mitan ajan UDMO yo, epi fè yo retounen nan misyon yo ki se pwoteje ak sèvi popilasyon an.






