Deblosaj pete ant popilasyon Senlwi Dinò a ak majistra Gason kòm kwa li nan konfyolo nan likide plizyè espas mache piblik bay yon gro komèsan raketè

148
4
Share:
TRiboLAND

11 – 12 – 2024

Senlwi Dinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Popilasyon Senlwi Dinò a ki pa pote pantalon li pou bèl twàl, mete 2 men nan tèt pou rele chalbarik dèyè majistra Gaston, ke yo akize ki pran yon malen plezi ap vann san jistifikasyon byen piblik Leta peyi a.

Yo ta sanble repwoche majistra a, dèske li pa sispann depatcha tout sa ki pou Leta; e likide yo san oken fondman bay yon swadizan komansan raketè Egzanèl, ki pa sispann poze lapat sou yon seri byen piblik tankou Mache Larivyè Ba’a, ki an chantye sou lobedyans sitwayen Gran Kola a ki deja konstwi fou pen “Pain Kay Za” ak yon lòt gro edifis ki anvayi tout tirès espas mache Larivyè Ba’a.

Nan sans sa, pèp souveren deklare ke enpètinans sila rive twò lwen; atravè yon gro sòlòkòtò popilè, yo te plizyè milye protestè ki tap reklame jistis fas ak deriv ak jwèt rizyèz majistra Gaston ansanm ak Egzanèl ki pwèske pa kite espas pou malere yo vann ti demele yo.

Anpil moun rete kwè, se bon pye annafè yo ki ta anpeche popilasyon an enskri yo nan pwogram “Bwa Kale” a! Ki donk, Leta genyen pou devwa envèstige malonètete raketè kap fè richès sou do ren Leta, tranche nan yon parèy deriv atoufè, kap konfonn byen piblik e byen pèsonèl yo. Dejenerasyon yon parèy sitiyasyon riske avan lontan anflame gwo vyolans e koze yon seri konsekans ki kapab mete dlo nan je sitwayen nan komin Senlwi Dinò.

Share:

4 comments

  1. Silienord wilma 14 November, 2024 at 18:37 Reply

    Toutan leta peyi nou pa pwan reskonsabilite yo tout bon vwe,ka sa yo Poko ap janm sispann nan peyi a , Epi de jenerasyon an jenerasyon pagay yo ap pi mal nan peyi a,zòn yo,katye yo ville yo,paske chak ti aksyon ki fèt pou leta ta aji jan la lwa mande a anpil fwa yo kase fèy louvwi yo.

Leave a reply