Pandemi kowonaviris la okazyone yon twazyèm desè nan peyi Dayiti

0 376

Pòtopwens ____(TRiboLAND) Selon yon nòt Ministè Sante ak Popilasyon (MSPP), Ayiti anrejistre yon 3 èm desè avèk kowonaviris la jodi Samdi 11 Avwil 2020 an.

Twazyèm viktim sa ki se yon gason ki gen 57 lane, mouri apwè konplikasyon ki makònen avèk pwoblèm kadyak, ensifizans renal ak ipètansyon ateryèl.

Pou koulya Ayiti konte mwens pase 33 ka kowonaviris konfime pozitif ak 3 desè. Konsa, MSPP kontinye  ankouraje popilasyon an aplike konpòtman ou pwensip sanitè yo yon fason pou anpeche viris mòtèl la pwopaje anndan peyi a.

Leave A Reply