Direksyon depatmantal jenès-espò ak aksyon sivik branch Nòdwès, anonse yo retounen ofisyèlman ak pwogram edikasyon pou ti moun lekòl yo.

1,068

03-15-23

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Se sou tèm: “Sensibilisation sur l’éducation à la citoyenneté en milieu scolaire”, direksyon depatmantal jenès-espò ak aksyon sivik branch Nòdwès, relanse ofisyèlman pwogram edikasyon pou ti moun lekòl yo, kap gen pou dewoule nan dat vandredi 17 mas kap vini la a, nan lokal medyatèk la nan Evechè Pòdpè a.

Pou rann lansman ofisyèl sila bòzò, direksyon depatmantal la, ki genyen nan tèt li, Coach Walkens Joseph, deja kontakte Mèt Fresnel Jean, yon pwofesè e yon avoka ki fè otorite nan domèn syans sosyal, nan site Kapwa Lamò a, pou vin depoze.

Pou reyalizasyon ak reyisit pwogram sila, direksyon depatmantal jenès-espò ak aksyon sivik nan Nòdwès, desann chapo’l byen ba, devan minis Fanm nan, Raymonde Rival ak tout chèf kabinè li, Mèt Jean Tholbert Alexis, pandan yo soulinye yon gwoup elèv ki deja sible pou aktivite sila, ap tann kilè jou a ap rive.

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.