Divès lekòl nan depatman Nòdwès la fete grandyozman fèt drapo peyanm.

3,847

Pòdpè_____(TRiboLAND) 18 Me 1803-18 Me 2022, 219 lane depi zansèt nou yo te kase chenn lesklavaj pou te dote peyi Dayiti yon bikolò, ki ta pràl reprezante senbòl libète pèp ayisyen an.

Pou mete an valè gwo kokenn chenn eksplwà istorik zansèt yo, divès lekòl tankou: Lekòl Sen Michel nan 6 seksyon Polen/Lakòn, lekòl Nasyonal nan Roldophe ak Epik ke anpil moun konnen sou non kay Pè yo, nan premyè seksyon Côte- de- Fer, komin Mòl Sen-Nikola, òganize an gran panpan fèt drapo a, jounen mèkredi 18 me 2022 a.

Patisipan yo nan Mol Sen- Nikola, te pote koulè drapo ble e wouj la epi demontre an gran jan talan divès jèn fanm ak jèn gason nan okazyon selebrasyon 18 Me 2022 a.

Bò kote ekip òganizatris lekòl Sen Michel nan Polen Lakòn nan,yon gwo defile te mete sou pye kote fanfa, majorèt san konte aksan ki te mete sou koulè lokal yo avèk patisipasyon yon foul enpresyonan ki tap taye banda.

Dirijan yo nan sans sa a, ankouraje lòt enstitisyon swa eskolè ou pa, rantre nan menm lojik la ki se onore drapo a paske drapo n se fyète n. Li se senbòl tout ayisyen ak ayisyèn poun repete pawòl lidè divès enstitisyon eskolè yo.

Comments are closed.